Vwayaje nan Florid se DANGERE
Konnen risk yo, Konnen dwa w, Pwoteje tèt ou!
RE-KONSIDERE VWAYAJ OU NAN FLORID AKÒZ LWA ENKONSTITISYONÈL KE YO TE ENTWODWI PANDAN SESYON LEJISLATIF ANE SA A KI ATAKE LIBÈTE SIVIL YO
Atansyon konseye pou vwayajè nan Florid
Tout vwayaj k ap fèt nan nenpòt zòn nan Florid la ta dwe fèt ak anpil prekosyon paske li ka patikilyèman danjere pou moun koulè, moun ki pale ak aksan, ak vwayajè entènasyonal yo. Akòz lejislasyon enkonstitisyonèl Gouvènè Ron DeSantis sipòte epi ke lidèchip Lejislatif te entwodui a, chak konte nan Eta Florid poze yon gwo risk pou asèlman, detansyon probab, ak separasyon potansyèl fanmi yo ki baze sou yon siblaj rasyal.
Lejislasyon Enkonstitisyonèl Ogmante Risk nan Florid
Nan Florid, aktivite woutin moun ki pa ka pwouve sitwayènte ak rezidans legal yo imedyatman a nenpòt ki moman yo fè chak jou ka gen konsekans devastatè. Konsekans sa yo gen ladan yo arestasyon paske y ap kondwi yon machin, kèlkeswa nan ki eta yo soti, aksè limite ak sèvis swen sante, e ak yon sekirite ki konpwomi. Fè anpil pridans si w ansent akòz restriksyon ki genyen sou sèvis sante repwodiktif yo.
Risk pou moun ki akonpaye yo nan Florid
Manm fanmi oswa zanmi k ap akonpaye yon moun ki pa gen estati imigrasyon yo an règ ka sijè ak kesyonnman enkonstitisyonèl sou patisipasyon yo nan ebèje, transpòte, oswa nan bay nenpòt lòt kalite èd. Moun ki akonpaye yo, enkli sitwayen ameriken ak touris yo, ka sijè a 15 zan prizon e ak jiska $10,000 amand.
Profilage rasyal nan Florid afekte anpil moun
Sitwayen natiralize ak Ameriken ki se desandan Afriken, Latin-Ameriken, Sant-Ameriken, Ameriken Endyen, moun Azyatik ak Zile Pasifik yo pa a labri siblaj rasyal, siveyans ranfòse , ak fo arestasyon yo.
Konsilte yon Avoka Anvan Vwayaje nan Florid
Li rekòmande pou w konsilte ak yon avoka ki gen lisans si w fè pati nenpòt nan gwoup yo mansyone anwo yo anvan w vwayaje nan Florid pou w ka evalye nivo danje w ka rankontre an ka yo ta fouye w, kesyone w ak/oswa arete w.
Atansyon nan Ayewopò ak Estasyon Otobis Laflorid yo
Fè anpil atansyon nan zòn ozalantou 120 Ayewopò Florid yo ansanm ak estasyon otobis Greyhound, Megabus ak RedCoach yo.
Atak sou libète medikal
Komisyon Konsèy Medsin ak Osteopati Florid yo te adopte règleman ki entèdi aksè a swen medikal ki sove lavi pou jèn transganr ak Ajans pou Administrasyon Swen Sante a te elimine kouvèti Medicaid pou adilt transganr ki gen aksè a swen sa a.
Florid pare pou l pase lwa k ap kreye sanksyon kriminèl pou founisè medikal yo ki bay swen medikal ki nesesè pou jèn transganr yo, sèvi ak tribinal yo yon zam pou kraze akò gad timoun ki egziste deja yo epi reassigne jèn transganr yo bay yon paran ki pa bay sipò yo, epi restriksyon sevè aksè a swen medikal preskri pou adilt transganr yo.
Florid te pase oswa li pare pou l pase bòdwo ki limite aksè nan swen sante repwodiktif, tankou yon entèdiksyon prèske total pou avòtman, ki menase pou fòse moun vwayaje andeyò eta oswa chèche avòtman ilegal e ki pa an sekirite.
Si w deside vwayaje nan Florid, fè yon plan sekirite ki byen defini:
Rele liy dirèk pou imigran
